Gang teworis Grand Grif masakre pou pi piti 70 moun nan Jandeni, depatman Latibonit
📸 Imaj jenere avèk IA pou ilistration
30 March 2026
S
Auteur : Stéphane Eustache

Gang teworis Grand Grif masakre pou pi piti 70 moun nan Jandeni, depatman Latibonit



Bilan atak sanglan gang « Gran Grif » lan lanse nan zòn Jandeni ant samdi swa 28 pou rive dimanch 29 mas 2026 la kontinye ap ogmante, selon plizyè sous lokal. Daprè Derniella Joseph, KASEK nan lokalite a, omwen 70 moun deja pèdi lavi yo, san konte lòt viktim ki ta ka toujou bloke andedan kay oswa nan lòt espas ki poko rive verifye.

Responsab la fè konnen anpil sivivan kouri kite zòn nan nan tout direksyon pou sove lavi yo anba menas gwoup ame ki soti Savyen, nan depatman Latibonit.

Sepandan, majistra ti rivyè a, Dort Lereste, ansanm ak responsab lapolis yo, prezante yon bilan pwovizwa ki pi ba, kote 16 kretyen vivan mouri ak 10 lot blese, baze sou done lopital ak mòg yo. Malgre diferans ki genyen nan chif yo, otorite yo rekonèt li difisil pou tabli yon bilan definitif, sitou paske plizyè kadav deja antere san kontwòl, kèk zòn rete difisil pou jwenn aksè, epi gen kay ki boule ak moun andedan yo. 

Imaj ki ap sikile sou rezo sosyal yo montre gravite trajedi a, ak kò san vi gaye atè, tras san, anpil kay kraze apre dife yo, sa ki fè kwè kantite reyèl viktim yo ka pi wo toujou.
Publié le 30/03/2026 à 19:55

Commentaires (0)

Laisser un commentaire

0 / 500 caractères
💬

Soyez le premier à commenter cet article