Lamine Yamal enspire l de LeBron James (2016) pou match Lig de Chanpyon an
De jou anvan match retou Lig de Chanpyon an ant Atletico Madrid ak FC Barcelone, jèn sipèsta barselonè a, Lamine Yamal, fè yon jès ki pa pase inapèsi. Li chanje foto pwofil li sou Instagram pou l mete yon foto LeBron James. Se yon imaj lejand baskètbòl la ki te pran an 2016, touswit apre li te fin genyen tit NBA a. 23a2fa083799f61369d07ae41c2b8c65.jpg865.84 KB
23a2fa083799f61369d07ae41c2b8c65.jpg865.84 KB
Pou rapèl, LeBron ak ekip li a, Cleveland Cavaliers, te reyalize yon kokennchenn "come-back" (sa nou rele Remontada nan foutbòl) apre yo te dèyè 3-1 fas ak Golden State Warriors Stephen Curry a. LeBron te fini MVP (meyè jwè) nan seri final sa a.
Nan konferans de près, Lamine Yamal deklare: "Pou match demen an, LeBron se youn nan pèsonalite ki plis enspire m." Jèn entènasyonal espayòl la te ajoute tou li gade videyo Remontada Barcelone te fè kont Paris Saint-Germain an 2017 la pou l moute motivasyon l. Pou fini, Yamal voye yon ti defi bay antrenè Diego Simeone kote li mande l pou l mete l fas a fas ak yon jwè espesifik.