LAWOUZE NAN VWA
30 April 2026
A
Auteur : Admin

LAWOUZE NAN VWA


Nou pap bay tèt nou manti: nan peyi Dayiti, lè Nou di yon moun " dyòl  santi", sa vin tounen yon betiz. Sa fè ri. Sa frape moun lan fò, epi nou pase nan yon lòt faz. Men èske nou te janm poze yon ti moman pou n reflechi sou sans pawòl sa genyen tout bon ? 

“Dyòl santi”, mo pou mo, si n ap itilize lang fransè lan vle di “bouche qui sent”, vèb " sentir= exaler une odeur". Jisla pa gen anyen ki grav. Paske yon bouch kapab santi, men santi kisa? An reyalite, yon sant pa sèlman oblije dezagreyab. Li ka  atire sou odè frèz, karamèl, chokola ou byen kafe ki ap koule nan yon bonm nan maten. Poutan, se yon bagay ki dwòl anpil, okenn moun pa janmè di " dyòl santi" pou fè yon konpliman. Poukisa?  Nan tèt nou, ekspresyon sa kondane. Li pa fè deskripsyon, se jijman li fè. Li pa fè okenn konsta, li senpleman atake.  Lè yon moun di "dyòl santi", sitou nou menm ayisyen, li p ap pale de bon lodè bouch li. Men yon se de yon move. Li mete lòt la nan yon sitiyasyon ki rabese l. Li fè l santi l pa gen plas li la. E gen kèk fwa li konn fè l san l pa rann li kont. 

Sa ki pi di an, nou pap chita pou n di se pa  mechanste. Pafwa se abitid la. Yon abitid pou pale fò, pou fè moun ri. Yon abitid nou pa janm chache konnen plis sou li. Pandan nap banalize mo sa yo, nap banalize mepri an tou. N ap dakò anpil moun pral di se blag yap fè. Sa ka rive. Men tout moun pa resevwa jan blag sa yo menm jan. Schnyder ka ri paske yon patnè l di l sa, men sa ka rive Judeson li menm li fache, li santi l vekse. Pa bliye ant fè blag ak imilyasyon, pon an frajil.

Lè nou antre nan nannan koze a, vrè pwoblèm lan, se pa ekspresyon an nan li menm. Se kòman nou antann nou ak mo n ap itilize chak jou pou nou kominike youn ak lòt nan respè. Se vre, nou pale san mezire mo yo, san poze tèt nou kesyon : kisa m pwovoke lakay lòt la lè mw pale avèl Konsa ? Men tou, jan mw te di l nan kòmansman, tout moun pa ka entèprete l menm jan. Paske nou grandi ak lide sa nan tèt nou: gen yon seri de mo, si nou itilize yo nan lang manman nou, sosyete an ap wè nou mal. Y ap di nou pa gen levasyon. Yon timoun pa fouti kanpe devan manman l oswa papa l pou l di : " Manmi oswa papi, koko m ap fè m mal. " Mw rasire nou, timoun sa a ap pran kou pou l pa chape. Inyorans. Alòske pati devan gason an fransè nou tap di " Pénis" e pou fi an " vagin". Fransè an di l alèz poukisa nou menm nan lang pa nou nou pa ka di yo. Poukisa yo konsidere yo kòm betiz ? Se la pou nou kase chenn sa ki mare sans nou. 

Mw kwaze Dawayne ki di yon fanm li genyen dyòl li santi. Fanm lan estomake, li fache, li move. Li santi l blese. Pou jan l pran swen bouch li, pou pwòp nonm li di l yon bagay konsa. Se la misye kalme fanm lan epi l di l : " poukisa w pa mande m kisa l santi an pito trezò kè m ? " , epi li tonbe ri. Epi li Kontinye pou l di, " sa k di w se pa bon l santi, se pa sant piwouli bwa rouj, yon kafe k ap griye nan lakou Toy'art, yon mayi kap boukannen kay Ti Sè restoran oswa yon babekyou kap griye nan Happy place ?  Menm moman fanm lan tonbe ri, yon souri ki pote viktwa sou fason n konprann mo yo. Epi m  te la tou, m bay yon souri chat paske m di sa ka fè yon sijè pou retire moun yo nan inyorans. 
Men tou, map di nou, li enpòtan pou n chanje sa. Paske pèp lan poko prè pou sa n ap goumen an. Pa pou n vinn kwense. Men pou n pi konsyan. Plis respè. Plis moun tou. Paske , yon sosyete pa jije senpman ak sa l fè, men tou nan fason l ap pale de lòt lan. 

Bill Witchelson Dier 
Publié le 30/04/2026 à 20:12

Commentaires (3)

Laisser un commentaire

0 / 500 caractères
S

Schnyder

Chapo ba pou travay sa...

01/05/2026 00:46
S

Schnyder

Chapo ba pou travay sa...

01/05/2026 00:45
D

Dawayne

Bon travay ...

30/04/2026 21:28