Nan yon nòt yo pibliye sou kont X ofisyèl yo, Federasyon Dominikèn Foutbòl (FDF) anonse piblikman li pote plent nan Concacaf ak nan FIFA pou aksyon li di ki te rive sou teren ak andeyò teren lè Ayiti t ap ba yo 4 gòl ak 1 an.
Federasyon an deklare li transmèt bay òganis konpetan yo (FIFA ak CONCACAF) dokiman ak prèv pètinan ki ka soutni akizasyon l yo. FDF la pouswiv pou l di, li kite dosye a kounye a nan men òganis yo pou yo deside sou sanksyon ki apwopriye yo selon règleman yo.
Pou fini, federasyon an di li renouvle angajman l anvè respè ak valè foutbòl la epi respè teritwa dominiken an, konstitisyon l ak souverènte l.
N ap raple nan dat 1er oktòb la, Ayiti te kale seleksyon Repiblik Dominikèn nan 4-1. Apre match la, Dominiken yo te kritike Wilson Isidor, ki se yon atakan Ayiti, paske l te deklare: « Hispaniola c'est Haïti ». Anplis de sa, Dominiken yo akize fanatik ayisyen yo kòmkwa yo t ap eseye antre nan stad la san tikè.
Anvan menm plent yo a nan FIFA, yo gentan entèdi seleksyon ayisyèn nan itilize tout enfrastrikti espòtif sou teritwa yo a.

Commentaires
Aucun commentaire pour le moment.
Laisser un commentaire